Discours du Président Jovenel Moïse aux Gonaïves
Discours
du président Jovenel Moïse aux Gonaïves à l’occasion du 214e anniversaire de
l’indépendance d’Haïti
Aux
Gonaïves le 1er janvier 2018, le président de la République, à l’occasion du
214e anniversaire de l’indépendance d’Haïti, promet de faire émerger le pays
économiquement et socialement d’ici 2030. Il annonce aussi le lancement des
états généraux sectoriels qui, selon lui, permettront à la nation de se mettre
d’accord sur comment construire ensemble le pays... Le Nouvelliste publie
l’intégralité du discours du chef de l’Etat.
Publié le 2018-01-03 | Le
Nouvelliste
Frè
m ak sè m yo - Pèp aysyen k ap viv an Ayiti e tout kote nan mond lan
Pandan
lontan, balans listwa te panche yon bò. Sèten gwoup moun sou latè te reyisi fè
pase lide gen moun ki pa moun, e yo kreye yon sistèm pou fè YON KATEGORI moun
viv pi mal pase bèt, SAN YO PA genyen okenn dwa. Se sa esklavaj la te ye.
Sistèm sa a te tèlman byen monte ke l pèmèt gwoup sa yo anchene moun ni nan
sèvo yo, ni nan kò yo. Pou yo pa lib, ni nan panse yo ni nan mouvman yo. Sistèm
sa a te dire plizyè santèn lane.
Isit
la, yon jou kon jodi a nan lane 1804, kote nou ye la a, sou Plas Dam, nan vil
Gonayiv, zansèt nou yo, yon kantite gason ak fanm vanyan, korije balans lan. Yo
fonde Ayiti. Yo di : Libète se byen tout pèp, Libète se byen tout ras. Ki vle
di : tout moun se moun, egalego.
Premye
bagay zansèt yo te fè, yo te kase chèn ki nan sèvo yo a. Yo te konprann yo se
moun menm jan ak tout moun ki, ka panse, ki ka reflechi. Yo te refize kondisyon
esklavaj la te enpoze yo a. Tout rès bagay yo te vin posib, yo te òganize yo
pou konba e chase nan peyi a pi gwo lame ki te genyen nan epòk sa a sou latè.
Yo tout te kwè, pa genyen anyen ki enposib pou moun ki kwè ke l posib.
Istwa
sa a, Istwa peyi DAyiti montre nou klè ke lè yon pèp kwè nan yon lide e li
angaje l pou l goumen pou li, pa gen sakrifis li p ap fè pou realize l, pa gen
anyen ki ka bloke l. Lide endepandans ekonomik lan, lide demokrasi a, lide viv
ansanm lan, lide linyon fè lafòs la, lide pou modènize agrikilti pou tè Dayiti
kapab pwodui manje pou mete nan asyèt pitit li, lide pou gen lekòl nan tout
seksyon kominal, lide pou rebwazman pèmèt nou remanbre tout tè peyi a, lide pou
chak ayisyen viv lakay li nan la diyite, lide pou l gen limyè lakay li, lide
pou l gen dlo nan wobinè lakay li, lide pou l gen dlo pou rouze jaden, lide pou
entènèt pèmèt li konekte avèk lemond antye, se lè sa a rèv papa Dessalines ap
realize nan lavi yo. Se lè sa a n ap amelyore eritaj la pou n ka transmèt li
bay timoun yo nan bon kondisyon, se lè sa a nou ka di peyi ya endepandan tout
bon vre.
Pèp
Ayisyen,
Frè
m ak Sè m yo
Libète,
endepandans, se te rèv zanset yo, se te siman kite kenbe yo fò e ki te bay yo
kouraj pou mennen batay la. Yo te fè tout sakrifis, ki fè nou ka la jodi a. Yo
te aksepte goumen, kifè lemond ka sa l ye jodya.
-
Se volonte sa ki fè ke Cappoix La Mort rele « annavan, annavan », lè cheval li
tonbe anba bal paske l te konnen lamò pa ka genyen laviktwa sou pwojè li te
pote a;
-
Se sa kifè Dessalines ak Petion te ede Miranda ak Bolivar batay pou yo te
libere lòt peyi nan Amerik la;
-
Se sa ki fè Ayiti te reponn prezan tout kote yo te rele l, pou l ede lòt pèp
jwenn endepans yo, menm an Ewòp;
-
Se sa ki fè Christophe konstwi yon moniman ki fe fyète pèp ayisyen e ki
enpresyone le mond antye;
-
Se sa ki fè zansèt yo te konstwi plis pase 18 fò nan tout peyi a pou yo te ka
defann teritwa a kont anvayisè esklavajis ki te gen anbisyon rekolonize bout tè
sa ak tout fòs;
-
Se gras a batay zanset yo Deklarasyon « des droits de l’homme et du citoyen »
vini yon realite nan lavi tout pèp sou latè beni.
Zansèt
nou yo te leve yon gwo defi. Yo mete tèt ansanm, yo goumen kont lesklavaj, yo
goumen kont kolonizasyon. Gras a sakrifis ak kouraj yo, Ayiti leve nan lemond
drapo emansipasyon, dwa pou tout moun viv tankou moun, dwa pou chak Pèp dispoze
de tèt yo jan yo vle, nan respè lòd ak lapè.
Kisa
nou fè ak eritaj sa a?
An
nou reflechi, an nou medite sou pawòl Fondatè a : « libète, lendepandans, se
yon byen pou n pwoteje, se yon byen pou n defann. Premye kout kanon ki tire,
tout fanm ak gason vanyan reyini, pran lèzam pou defann Nasyon an ». INYON,
KOURAJ, SOLIDARITE, youn veye sou lòt, youn pwoteje lòt, SE SA ZANSÈT YO TE
PRECHE NOU, LÈ YO DEPOZE NAN MEN NOU ERITAJ SA A, AYITI, MANMAN, SENBOL LIBÈTE,
BYEN LIMANITE!
Kisa
nou fè de eritaj sa a?
Menm
peyi sa a tout nasyon sou latè te respekte e onore, a PREMYE REPIBLIK NWA E
ENDEPANDAN an retrouve l jodi a nan sityasyon kote pitit li pèdi konfyans nan
tèt yo, ap kouri ale nenpòt kote pou yo chache lavi miyò. Kisa n panse ki fè
sa?
De
1804 a jodi a, 214 lane apre, tan ale, tan vini. Nou dwe kesyone tèt nou, mande
sa nou fè ak eritaj zansèt yo, sa nou fè ak peyi a, sa nou deside fè ave l.
Èske n pran konsyans de ki kote nou ye e ki kote nou vle ale.
Pwoblem
ZANSÈT YO te genyen sè ke yo pa t rekonèt yo kòm moun. Yo òganize tèt yo, yo leve defi a.
Yo te fè devwa yo. Èske nou
fè devwa pa nou?
SA
NOU FÈ AK ERITAJ LA?
Fanm ak gason vanyan, pitit 1804 pa ka pè laverite, pa
dwe pè laverite.
M ap di : an verite, an verite, an verite !
-
kote nasyon an ye la a, li pa ka rete ladan l;
-
Kote nou ye la a, pa sanble nou, se pa plas nou. Kote nou ye la a, se pa sa
Louverture, Dessalines, Christophe, Pétion, Cappoix La Mort, Gabart, Macadieu
te vle pou peyi a! Se pa pou sa ye te sakrifye tèt yo;
-
Rèv la fè twò lontan nan enpas, chirepit, jalouzi. Lavi isit dòmi twò lontan
nan kafou danjere. Mizè, divizyon, koripsyon, ensekirite, layite kò yo twò
lontan nan sosyete a! Ènmi an jodi a se nou menm, se nan mitan nou li ye, se
andedan kè nou ke l ye. Se paske souvan nou pa vle respekte règ jwet yo ki fè
peyi ya fèb.
-
ERITAJ LA MENASE!
Kisa
nou deside fè avèk peyi a? Èske nou pre pou nou leve nouvo defi yo? Èske nou
detèmine pou fè peyi nou, ekonomi peyi nou emèje? Èske nou pran konsyans, nou
analize erè, fot nou fè ki kondwi peyi a nan move chemen? Èske nou pran
konsyans ke nou dwe chanje wout, mete yon pwen final nan move chwa politik
piblik? Èske nou konprann ke Ayiti se yon byen kolektif, yon byen nou dwe fè
pwospere pou nou transmèt pitit nou ak pitit pitit nou?
Jodi
a, 214 lane apre, li lè pou nou bay bon jan repons ak kesyon sa yo, li lè pou
chak grenn ayisyen, paske nou tout konsène, patisipe nan gran konbit nasyonal
pou kwasans ak devlopman peyi a. Linyon ki te fòs 1804 nan batay kont esklavaj
ak kolonizasyon, nou dwe fè l reviv pou nou mennen batay kont tout sa ki bloke
nou sou wout devlopman, pou ka pèmèt demokrasi boujonnen tout bon vre. Se lè
tout sitwayen, kelkeswa kote y ap viv nan peyi a, gen menm dwa e konprann tout
ke yo gen devwa tou, ke peyi ap vinn libere tout bon vre. Se lè sa nap realize
rèv zansèt yo.
Tout
Pèp, pou anpil rezon konn trennen sou wout, men pèp pa kon pèdi nan wout! Kanta
pèp ayisyen, nou konnen fòs kouraj li, fòs rezistans li. Si gen echèk, si gen
fayit, se nou menm, Elit peyi a, Lidè ak dirijan ki pote responsabilite a. Mwen
pap ezite pou m di pèp la ak nasyon ayisyèn nan, lè chanjman an sonnen. Sistèm
ki lage nou atravè listwa nan esklizyon, nan koripsyon, nan enpinite, nan
malsite, sistèm sa a kap jenere mizè, esplwatasyon ak sou devlopman, li fini.
Pèp
ayisyen, nou te fè devwa nou, nou mete kanpe yon Demokrasi, yon Konstitisyon
demokratik. Nan eleksyon 2016 nou fè m konfyans, nou ban m yon manda 5 an pou m
travay pou nou, pou m chanje kondisyon lavi nou. Nou vote m, nou vote pwogram
mwen, m ap vanse, m ap travay pou satisfè bezwen nou nan domèn sosyal, politik,
ekonomik, kiltirèl. M ap vanse, mwen pap fè bak, lòd konstitisyonèl, prensip
avèk mekanis kontitisyonèl mande m pou fè respekte manman lwa peyi a, asire bon
fonksyònman enstitisyon Leta.
Pèp
la pa vote yon sitwayen Prezidan pou sèvi enterè pèsonèl pa l ou enterè ti
gwoup moun pa l. Mwen vle pou tout moun konprann, ke jodi a gen yon volonte ki
nan tèt Leta ayisyen, kap travay pou zafè Repiblik de Pòtoprens lan fini!
Potoprens konte, res peyi a konte tout. Efò ap fèt nan kat kwen peyi a pou
evite devlopman fòs kote, pou tout moun ka viv nan la diyite lakay yo, pou yo
jwenn bon jan lekòl pou pitit yo, pou gen travay, pou n ka valorize byen moun
yo genyen tout kote nan peyi a.
Mwen
vle tout sektè konprann, baz demokrasi se pliralis politik, se dyalòg, se
konsètasyon. Mwen vle tout moun konprann, demokrasi sou gouvènans pam ap
garanti ekilib 3 pouvwa yo. Youn pap mache sou pye lòt. Yon demokrati dirab vle
di wout lapè, lòd pou satisfè bezwen priyoritè popilasyon an e kreye kondisyon
pou kwasans ak devlopman.
Sè m ak frè m yo
Se
detèminasyon, se konviksyon, se onè ak respè pou pèp ki fè 1804. Nou aprann
leson an. Nou pre pou konstwi yon demokrasi dirab, nou pre pou mezi
enstitisyonèl, mezi politik ki ale nan sans konsolidasyon demokrasi. Se konsa n
ap travay pou pwoteje anviwònman nou, ogmante e divèsifye pwodiksyon nasyonal,
lite, lite san mezi kont koripsyon, redwi inegalite sosyal. Gouvènman m nan ap
travay pou Ayiti an 2030 antre nan emèjans ekonomik, sosyal.
Nan
lide sa a, nan objektif sa a, gouvènman an lanse KARAVAN CHANJMAN AN. Karavàn
nan se yon mote ki an mach, se yon rasanbleman, se yon mesaj, ki envite nou
tout, pou mete ansanm, relve agrikilti, travay pou yon Eta de dwa, yon ekonomi
de pwogrè, yon sosyete estab. Gwo anbisyon Karavàn nan, se mete ansanm tè,
solèy, dlo, fanm ak gason pou amelyore kondisoyn lavi popilasyon nan tout komin
ak depatman.
KARAVAN
CHANJMAN, SE YON DYALOG ANT FR? AK S? ISIT AK NAN DIASPORA POU Ayiti pwodwi
richès, kreye dyòb, mobilize mwayen ak konpetans pou leve defi sou wout
devlopman an. KARAVAN NAN SE MOTÈ YON ELAN KOLEKTIF POU RALYE TOUT SEKT?, TOUT
MOUN DE BÒN FWA, TOUT AYISYEN KONSEKAN NAN LIT POU YON LòT AYITI, SAN
ESKLIZYON, SAN PASPOUKI.
Se
menm konviksyon sa a, se menm sousi pou konsolide enstitisyon nou, asire
estabilite, respekte Konstitisyon nou, ki pote m remobilize Lame DAyiti. L ap apiye pwojè devlopman, l ap bay
sekirite ak apui teknik. LAME AP S?VI PEYI A, LAP REPRAN TRADISYON AK LESPRI
SIVIK, KI TE FÈ LINYON FÈ LAF?S. SÈVIS NAN LAME, SÈVIS NAN LAPOLIS, SE TRAVAY
POU ANKADRE PÈP LA, PWOTEJE L, VEYE SOU BYENN?T LI AK LAVI L.
Wout la, zansèt yo trase l, yo louvri pòt la pou nou,
yo ba nou kle kwasans ak devlopman : valè linyon, valè kouraj, valè jistis,
valè jenerozite, valè solidarite. Sa
nou ranmase nan move moman divizyon, lè a rive pou nou mete yo a kote. Lè a
rive pou nou di wi a bezwen chanjaman pèp la mande. Lè a rive pou kreye
kondisyon pou nou viv ansanm, pou mete an valè eritaj zansèt yo ba nou. Pou
chanje kondisyon lavi nan peyi DAyiti, pou amelyore kondisyon lavi pèp la fòk
nou gen yon Leta fò e responsab, yon administrasyon piblik konpetan e modèn,
fòk nou elabore de politik piblik ki kapab favorize kreye kondisyon pou envestisman,
favorize kwasans ak devlopman.
Frè
m ak sè m,
Sa
fè 214 lane,zansèt yo mete nan men nou responsabilite yon peyi, sa fè 214 lane,
senbòl Libète ak emansipasyon limanite sou responsabilite nou. Chaj la lou,
defi yo anpil. Men pou yon pèp, pou dirijan ki konprann e fidèl a leson zansèt
yo, a inivèsalite 1804, pa gen obstak ki ka rete yo sou wout devlopman ak
estabilite. Nan lespri sa a, map di nou yon lot fwa ankò, se yon devwa pou nou
tout ansanm renouvle sèman ki te pèmèt zansèt nou fonde nasyon an : LINYON FÈ
LAFòS. Linyon fè Lafòs pou kwasans ak devlopman, Linyon fè lafòs pou garanti
estabilite politik e sosyal, Linyon fè lafòs pou asire pliralism politik,
Linyon fè lafòs pou konstwi yon demokrasi dirab, nan lòd, lapè, lafratènite.
Mesdames,
Messieurs
Peuple
haïtien
Ce
qui peut nous rassembler n’est plus seulement notre passé réel ou fantasmé, ni
non plus une vague idée que nous sommes un même peuple et que nous habitons un
même pays. Ce qui va nous rassembler désormais, c’est ce que nous cherchons ensemble,
ce que nous voulons faire ensemble. C’est ce que nous croyons ensemble. C’est à
cette tâche que les aïeux nous invitent aujourd’hui pour redonner sens à leur
sacrifice, revaloriser cet héritage qu’ils nous ont légué et que nous devons
transmettre à nos enfants et nos petits-enfants, dans de bonnes conditions.
C’est pour construire cette croyance supérieure qui va cimenter la société, la
fortifier que nous lançons les états généraux sectoriels de la Nation après les
consultations de tous les secteurs de la vie nationale au cours des trois
derniers mois. Grâce à ces assises, nous recueillerons les témoignages, nous
trouverons le chemin critique qui nous permettra d’arriver à La volonté de
faire route ensemble. Faire route ensemble, pour une société, c’est apprendre à
s’autolimiter pour se donner les moyens de contenir la démesure, les pulsions
destructrices qui bouillonnent dans l’inconscient de toute communauté humaine.
Faire
route ensemble, c’est admettre qu’une loi commune est nécessaire, c’est convenir
que l’on ne peut pas faire n’importe quoi. Seule une croyance partagée permet
de contenir les dérives populistes, démagogiques, tyranniques, qu’elles
viennent du dehors ou du dedans.
Car,
il est clair, comme les trois dernières décennies nous ont fait faire l’amère
expérience, ne pas s’imposer des limites, récuser ou vouloir s’affranchir de
toute tradition, c’est se situer dans le vide, c’est se désagréger tout
simplement.
Le
temps de la rupture est arrivé. Soyons toutes et tous les dignes filles et fils
de 1804 et engageons-nous, inspirés et éduqués par le courage, la vision et la
sagesse des ancêtres à faire les sacrifices afin de contribuer au développement
durable de la Patrie commune et à la restauration de la citoyenneté haïtienne.
Que
le DIEU tutélaire de la Nation nous accompagne et nous oriente, qu’il nous
couvre de sa sagesse pour réaliser le grand travail de relèvement national.
Bonne
fête de l’Indépendance à tous,
Bonne
et heureuse année 2018
Je
vous remercie !!
Comments
Post a Comment